Nan tout kwen nan mond lan , koze sèks rete yon tabou pou anpil moun, sitou bò kote anpil paran ki gen timoun y ap fè ledikasyon. Alòske, pale sou sijè sa ak timoun yo se yon bon bagay. Sepandan gen moman ak fason pou paran yo abòde sijè sa ak timoun yo. Koze pale sou sèks, se mwayen pou paran yo rive fè edikasyon seksyèl timoun yo.
Paran yo gen responsabilite voye timoun yo lekòl, ba yo manje, fè yo benefisye bon jan swen sante, montre yo savwa viv ak jan pou yo konpòte yo anndan sosyete a. Devwa ak obligasyon paran yo anvè timoun yo dwe yon priyorite pou pèmèt timoun yo entegre yo nan sosyete a.
Se sak fè, edikasyon seksyèl timoun yo dwe komanse depi lakay yo. Konsa y ap rive konnen kò yo, kijan l fonksyone, kouman pou yo itilize l, ki prekosyon pou yo pran, kouman yo dwe konpòte yo nan peryòd adolesans yo ki se yon peryòd frajil. Konsa, timoun sa yo k ap vin granmoun demen ap konnen kijan kò yo fonksyone.
Kidonk, li esansyèl pou edikasyon seksyèl timoun yo fèt, ti fi tankou ti gason. Pa neglije edike yo sou koze sèks, paske se yon etap enpòtan nan vi yo. Y ap fini yon jou, pa dekouvri sa sèks la ye kanmenm nan men paran yo oswa nan men lòt moun. Men li pi bon lè se paran yo ki akonpaye timoun yo nan aprann yo kisa koze sèks la ye.
Pale sou sèks ak timoun yo, pa dwe yon sijè tabou pou paran yo ki anpil fwa panse y ap louvri je timoun yo twò bonè, oswa yo pral bezwen fè eksperyans rapid. Kèlkeswa eskiz yon paran ka jwenn pou eksplike chwa yo fè pou pa pale sou sèks ak timoun yo pa p chanje reyalite kote pandan y ap grandi, gen transfòmasyon k ap fèt nan kò yo, gen kèk bezwen ak sansasyon k ap prezante devan yo. Sa vle di paran yo pa gen lòt chwa ke jwe wòl yo ki se patisipe nan konstwi fanm ak gason, ki resvwa bon jan lenstriksyon ki komanse lakay yo nan mitan fanmi yo.