Nan anpil kominote atravè Ayiti, mo “avòtman” pa janm di fò. Li pale an souzann, nan kwen galri, ak nan chuchotman ki chaje ak kè sote. Ofisyèlman, li entèdi pa lalwa. Moralman, li rejte pa anpil. Relijyon mete l sou lis peche nou pa sipoze fè. Men sou teren an, nan lavi chak jou, li la. Li egziste. Li fèt.
Anpil fanm ap viv doulè chwa sa a an silans. Lè timoun ap vini san plan, san mwayen, oswa kòm rezilta vyòl, gen fanm ki pa wè lòt sòti. Se pa paske yo mechan, se pa paske yo pa renmen lavi — men paske yo santi y ap naje pou pa nwaye. Lè pa gen lajan, pa gen sipò, pa gen tan, ni lapè, avòtman parèt kòm sèl repons nan kè dezespwa.
Men kote lalwa fèmen pòt la, fanm yo fòse pase pa deryè. Gen ki ale lakay moun ki di yo gen “remèd”, gen ki bwè tout kalite bagay , gen ki mete tèt yo anba men doktè san papye. Lè sa a, sa ki ilegal la vin pi danjere. Paske sa pa fèt ak swen, sa pa fèt ak siveyans, e pafwa sa fini ak lanmò. Lè avòtman fèt nan lonbraj, se vi fanm lan ki tounen mizè.
Sosyete a mete fanm yo nan yon tòti: yo pa gen dwa deside sou kò pa yo, men se yo ki pote chay la. Gason ki pat responsab souvan disparèt. Fanmi konn jije. Relijyon konn kondane. Lalwa konn pini. Epi fanm lan rete poukont li, ak doulè a, ak wont lan, ak konsekans lan.
Kisa sa vle di pou nou kòm pèp? Èske n ap kontinye fèmen je sou sa n konnen ki fèt? Èske silans nou pa tounen yon fòm kòlè, oswa pi mal: yon fòm neglijans? Fòk refleksyon sou avòtman pa rete sèlman nan nivo sa ki bon oswa sa ki mal. Fòk li antre tou nan zòn sa ki jis, sa ki nesesè, e sa ki sove lavi.
Pafwa, avòtman pa t yon chwa. Se te yon solisyon ki parèt anba presyon, anba krent, anba obligasyon. Jiskilè n ap kontinye jije san n pa eseye konprann?
Lè yon sosyete pa bay fanm espas pou yo pale, lè li pa mete okenn mwayen pou swen, ni pou prevansyon, ni pou edikasyon seksyèl, li vin konplis sou tout konsekans k ap soti nan fènwa sa a. Avòtman pa sispann fèt paske li ilegal. Li sispann fèt an sekirite. Epi se la danje a parèt.















