Bienvenue!

Bay pou ede, pa pou eklere non ou

Nan yon sosyete kote chak moun ap chèche sòti tèt li, kote mizè ak nesesite ap ravaje fanmi, zanmi, ak vwazen, li enpòtan pou n retounen sou valè moral yo, sitou sou prensip bay san atann. Lè ou bay yon moun ki nan bezwen, ou pa fè sa pou chèche glwa, pou fè maketin sou bon kè w, oswa pou tann moun sa a ap ba ou menm bagay lan retou. Ou bay paske ou genyen posiblite pou ede, ou bay paske ou genyen bon kè.

Bay se yon bèl jès, se yon aksyon ki chaje ak lespwa. Lè ou wè yon moun ki pa gen manje, ki pa ka peye lekòl pitit li, ki pa gen kay pou dòmi, e ou pran desizyon pou w mete men, se pa yon bagay ki dwe fèt pou kamera, pou like sou rezo sosyal, ni pou fè moun vin di ou “mèsi ou se sen”. Non. Bay dwe fèt ak lanmou, ak senserite, ak konpasyon.

Gen moun ki bay, men y ap tann plis pase sa yo mete. Y ap tann lwanj, y ap tann rekonesans, y ap tann yon retou sou “envestisman” yo. Se pa konsa nou ka konstwi yon sosyete ki pi solid, ki pi onèt, ki pi jis. Yon bay ki fèt ak kè se yon bay ki pa bezwen temwen. Se pa limyè kamera ki valide jès ou, se limyè konsyans ou.

Enstriksyon sivik ak moral aprann nou nan lavi, youn pa viv pou tèt li sèlman. Nou tout, nou se lyen nan yon chèn. Lè ou bay san atann, ou fè chèn nan pi solid. Ou montre ou konprann valè solidarite, valè lanmou, valè respè pou lòt. E pi souvan, se pa pi gwo bagay yo ki gen plis valè : yon vè dlo, yon souri, yon ti konsèy, yon ti peye transpò pou yon moun ka ale kay li, tout sa se jès ki ka chanje lavi yon moun.

Se pou nou aprann ede san kalkil, san fènwa nan lespri nou. Se pou nou pa toujou mete enterè pèsonèl nou an premye. Lè w bay ak kè ou, ou pa pèdi, menm si ou pa resevwa anyen an retou. Paske sa ou bay ak lanmou toujou retounen yon lòt fason, nan lavi ou, nan pitit ou, nan lapè lespri ou.

Ann fè plis jès konsa. Ann bay pou n soulaje, pa pou n briye. Ann sèvi kòm modèl pou jenerasyon kap vini yo. Paske se nan aksyon senp, san pretansyon, nou konstwi yon nasyon pi solid, pi onèt, pi imen.

De la même catégorie