Bienvenue!

Benefis Zèb Zegui genyen sou sante w

Zèb zegui se yon plant medsin tradisyonèl ki gen anpil itilite nan medsin natirèl. Li se yon resous ki pa koute chè e ki disponib toupatou, espesyalman nan zòn riral yo. Men kèk nan pi gwo avantaj li genyen sou lasante :

Trete maladi po: li ka itil pou soulaje gratèl, enfeksyon po ak lòt pwoblèm dèrmatolojik.

Soulaje maleng gastwo-entestinal:se yon bon remèd kont dyare ak lòt enfeksyon nan vant.
Aji kòm anti-enflamatwa: li redui enflamasyon nan kò a, espesyalman pandan maladi enfekte.
Favorize gerizon maleng: zèb sa ede akselere pwosesis sikatrisasyon blesi.
Soutni moun ki soufri ak dyabèt: gen rechèch ki montre li ka ede nivo glikoz nan san.
Konbat enfeksyon:li gen pwopriyete anti-mikwòbyèn ki ka ede kont plizyè fòm enfeksyon.
Netwaye kò a: Zèb zegui ede elimine toksin ak dechè ki akimile nan sistèm dijestif la.

Moun ki deja sou tretman medikal oswa ki soufri ak lòt kondisyon sante ta dwe konsilte yon doktè anvan yo itilize zèb zegui. Konsomasyon san kontwòl oswa san mezi ka lakòz reyaksyon alèjik oswa lòt efè segondè.

Toujou respekte dòz ak metòd preparasyon an pou evite danje.

De la même catégorie