Bote se yon nosyon sibjektif, se nòm kiltirèl, sosyal ak pèsonèl ki fòme l. Fòk nou sonje Bondye te kreye chak moun yon fason inik, e divèsite se yon pati entegral nan kondisyon moun nan. Malerezman, gen yon tandans pou jije lòt moun ki baze sou aparans yo, kreye yon klima diskriminasyon. Nan atik sa a, Le Témoin Haïti eksplore kijan kòmantè sou aparans ka gen yon enpak negatif sou lavi moun ak poukisa li enpòtan pou adopte yon atitid ki gen plis respè.
Se yon bagay ki fèt toutan pou wè moun ouvètman kritike kò yon lòt moun. Kit se fè kòmantè sou wotè, bote, oswa nenpòt lòt karakteristik fizik. Aksyon sa yo souvan fè mal epi se yon derespektan.
Anpil wa, lè yon moun gwo monte yon kamyonèt, toujou gen pasajè k ap fwouche l, mande l pou l peye de plas nan machin nan akoz gwosè l. Sa montre yon egzanp diskriminasyon.Kalite diskriminasyon sa ki baze sou aparans, pa akseptab epi yo pa ta dwe tolere yo. Tout moun gen dwa pou apresye pwòp kò yo jan li ye, san yo pa sibi presyon.
Premye etap la pou konbat fòm diskriminasyon sa, se vin konsyan de pwòp konpòtman ou. Aprann salye lòt moun san jijman se yon atitid nesesè. Sa vle di, rekonèt bote divèsite moun, respekte diferans chak moun. Konsyantizasyon sa ankouraje kreye yon anviwònman ki pi enklizif kote tout moun ka pwospere san yo pa pè yo jije yo pou aparans yo.
CP: The wildcat