Nan sosyete nou an, gen kèk sijè ki tèlman chaje ak prejije, yo vin tounen tabou. Youn ladan yo se kesyon planifikasyon fanmi. Li etonan, e menm tris, pou nou konstate jodi a, an 2025, gen moun ki toujou panse lè yon fanm ap pran swen tèt li, li ap fè yon bagay ki mal. Poutan, si nou ta mete prejije sou kote, n ap konprann se lasajès, se konsyans, e se respè pou lavi.
“Pran planin”, jan yo konn di sa, se pa yon aksyon imoral. Se pa yon degoutans. Se pa yon senbòl de “fanm mechan”, jan kèk moun eseye mete etikèt. Okontrè, se yon desizyon ki mande kouraj, ki mande refleksyon, e ki souvan baze sou lanmou pou tèt li, pou lavi, e pou timoun ou poko genyen — oubyen ou deja genyen.
Nou pa ka kontinye viv nan fènwa kote edikasyon seksyèl ak planifikasyon vin tounen koze wont. Si nou pa mete zouti an plas pou jèn fi ak jèn gason pran bon desizyon, nan bon moman. Fè chwa planifye lavi ou pa vle di ou mechan; sa vle di ou chita epi ou deside ki sa ou vle pou tèt ou. Sa vle di ou pran kontwòl sou tan ou, sou kò ou, sou avni ou.
Anpil fanm, jèn kou granmoun, ap viv ak kè sere, ak krent, paske yo pa vle moun konnen yo ap itilize metòd pou evite vin ansent. Gen moun k ap al nan sant sante an kachèt, k ap fè sanblan se yon lòt bagay yo vin chèche. Men poukisa? Poukisa sosyete a fè nou wont de pwòp chwa responsab nou?
Èske li pa ta pi nòmal pou nou felisite fanm ki deside mete limit sou kantite pitit li vle fè, selon kapasite li? Èske li pa ta pi saj pou nou soutni jèn fi ki vle kontinye lekòl, travay, oswa reyalize rèv li, san l pa oblije pote chay yon lavi li pa pare pou l pote?
Pale de planifikasyon, se pa ankouraje dezòd. Okontrè, se mete limyè sou yon zòn nou toujou kenbe nan fènwa. Se di jèn yo: “Ou gen dwa chwazi. Ou gen dwa di non. Ou gen dwa di: m ap tann.”
Se pa yon move fanm ki chita ak enfimyè l, ki suiv konsèy medikal, ki regilarize règ li, ki evite yon gwosès ki kapab mete lavi l an danje. Se yon fanm ki entelijan, ki konprann valè li. Se yon moun k ap fè prevwa, pa pèt.
Si nou vle devlope yon peyi kote timoun pa fèt pa aksidan, kote fanmi yo gen plis mwayen pou pran swen sa yo deja genyen, kote fanm yo gen dwa viv ak diyite, fòk nou kraze silans lan. Fòk nou pale de sa. Fòk nou bay planifikasyon fanmi plas li.
Paske… planifye, se pa peche. Se prekosyon. Se entèlijans. Se lanmou.