Bienvenue!

Dènye detay yo apwouve pou deplwaman polisye kenyan yo an Ayiti, daprè New York Times.

Daprè jounal ameriken an New York Times, gouvènman kenyan an p ap tann desizyon apèl yo te fè nan tribunal kont vèdik tribinal Newobi a, pou deplwaye fòs polis li a an Ayiti.

Yon ansyen ofisye gouvènman an te fè anons la, e te souliye plis detèminasyon bò kote peyi Kenya, pou l vanse ak fòs miltinasyonal la.

Abraham Korir Sing’Oei, sekretè prensipal ministè Afè Etranjè peyi kenyan, te fè konnen nan yon entèvyou li bay ak New York Times, Kenya ak Ayiti ap travay pou finalize yon “Akò bilateral”nan 2 semèn kap vini yo, daprè rapò medya yo. “Akò bilateral” la se dènye detay ki manke pou fòs la deplwaye.

Deklarasyon sekretè Sing’Oei, rive yon semèn aprè Kou siperyè peyi a te bloke deplwaman mil polisye kenyan an Ayiti poutèt pa gen “Akò resipwosite” ki detaye kad fòs kenyan yo ka opere an Ayiti.

Mesye Sing’Oei deklare, Lakou siprèm bay yon chemen legal pou deplwaman an ki se “Akò bilateral resipwòk” ak Ayiti a.

De la même catégorie