Nan tan lontan, an Ayiti, jou dimanch pa t janm yon jou tankou tout lòt. Se te yon okazyon espesyal kote fanmi yo te mete tout bagay sou kote pou pase moman ansanm. Apre legliz, anpil paran te pran tan pou mennen pitit yo pran lè, swa nan sinema, nan plas piblik, osinon tou senpleman al fè yon ti mache ansanm. Se te yon tradisyon ki t ap bay fanmi yo chalè, inite ak kè kontan.
Dimanch pa te sèlman yon jou repo. Li te tounen yon senbòl lanmou, pataj ak kominikasyon. Anpil moun sonje jan yo te konn mete bèl rad pou al gade yon fim, al manje krèm, oswa jwe sou savann. Se pa t bagay ki te koute anpil, men li te gen anpil valè afektif. Se te moman pou konekte, pou ri ansanm, pou pale, pou sonje fanmi an se pi gwo trezò.
Malerezman, ak vitès lavi modèn lan, ak ensekirite ki ravaje anpil zòn, ak presyon ekonomik, tradisyon sa ap disparèt piti piti. Jou dimanch jodi a souvan pase nan fè netwayaj, chèche dlo, oswa chita an silans sou balkon ap gade lari a vid. Timoun yo pa toujou gen privilèj sa ankò : al nan sinema ak papa, manje dous ak manman, kouri sou savann, jwe san kè sote.
Men tradisyon sa merite resisite. Paske li pa sèlman bay bon souvni, li kontribye tou nan devlopman sosyal ak emosyonèl timoun yo. Li ranfòse lyen fanmiy lan, li diminye tansyon, li mete lajwa nan kè tout moun. Pa gen pi bon lekòl pase fanmi, pa gen pi bon terapi pase chalè moun ou renmen.
Dimanch se pa pou lave, manje, dòmi sèlman. Se pou nou retounen bay li sans li te genyen : yon jou sakre kote nou fè fanmi vin pi fanmi. Si chak paran ta deside mete menm senp aktivite sa yo nan pratik – menm si se sou galri a ak timoun yo pou rakonte istwa – nou ta ka fè plis pase nou panse. Nou ta ka sove jenerasyon k ap vini an.
An n mete tan pou fanmi sou ajanda nou chak dimanch. Se pa de bagay, se lespwa tout sosyete a.
Ou sonje dènye fwa ou te mennen timoun ou yo pran lè?