Bienvenue!

Direksyon Depatmantal Polis Sant lan (DDPC), mete kanpe yon estrikti pou sansibilize jèn yo nan rejyon an

Direksyon Depatmantal Polis Sant lan (DDPC), nan batay y ap mennen nan depatman kont delenkans kay jenn yo,  mete kanpe yon estrikti pou sansibilize elèv nan rejyon sant lan.

Divès elèv nan plizyè lekòl depatman sant peyi a, benefisye semèn pase a travay estrikti DDPC fenk kreye a, ki la pou sansibilize elèv yo mennen batay kont delenkans kay jenn yo.

Estrikti sa a, gen ladan l ajan Brigad pwoteksyon minè yo (BPM), ajan k ap travay sou vyolans ki baze sou sèks (VBG) ak manm KDF. Yo te vizite plizyè lekòl semèn pase a, tankou lise Dumarsais Estimé ak sè salezyèn yo, nan lide pou abòde pwoblèm delenkans kay jenn yo ak elèv yo.

Yon lòt bò, estrikti sa te pwofite bay elèv yo konsèy pou yo pa tonbe nan zak ki kont la lwa.

Nap soulinye atravè pwogram sansibilizasyon  Direksyon Depatmantal Polis Sant lan mete kanpe a, tout lekòl nan depatman sant lan ap gen pou benefisye travay estrikti a nan lide pou pèmèt elèv yo aprann plis epi patisipe nan sansibilizasyon pou konbat delenkans kay jenn yo.

https://fb.watch/pTOdBVHWDj/

De la même catégorie