Bienvenue!

Enstriksyon sivik

Gen yon gwoup jèn gason, jèn fanm ak granmoun nan katye yo, nan Delmas 65, ki deside ranmase fatra, koule beton kote ki te gen fatra epi plante flè. Se yon bèl egzanp. Fè netwayaj nan zòn nou yo pèmèt non sèlman kenbe katye nou yo pwòp, men tou amelyore kondisyon moun k ap viv la yo epi tou devlope sa nou rele viv ansanm nan.

Si w renmen katye w ap viv ladan l lan, ou dwe ede nan vann bèl imaj li. Ou dwe pran inisyativ bale, ranmase fatra ak netwaye katye w osinon patisipe nan netwayaj vwazen yo ap fè pou kenbe katye a pwòp.

Leave a Reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

De la même catégorie