Bienvenue!

Enstriksyon sivik ak moral

Yon timoun pa fèt tou mantè, si li vinn renmen bay manti gen anpil rezon dèyè sa. Pami yo, se nou menm paran ankò ki souvan antrene timoun yo nan bay manti.

Anpil fwa, telefòn paran yo sone yo mande yon pitit yo reponn epi di l di yo pa la. Gen paran tou lè yo dwe yon moun lajan ki vin touche nan men yo, yo konn kouri al kache pou di timoun nan al di « manman m di li pa la ».
Timoun yo pa aprann de sa yo di yo, men de sa yo obsève kay granmoun ki referans yo. Se poutèt sa, evite bay manti devan pitit ou a, evite l bay manti pou ou menm si se yon ti manti.

Leave a Reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

De la même catégorie