Bienvenue!

Medya yo gen yon wòl enpòtan pou jwe nan sosyete a. Yo enfòme nou, edike nou, amize nou, sansibilize nou

Medya se yon mwayen moun itilize pou reyaji sou yon ansanm sijè k ap pale nan mond lan, li se yon yon mwayen pou fè veyikile yon mesaj, pami yo gen radyo, televizyon ak près ekri ak anliy.

Wòl media yo se bay enfòme, fòme ak distrè. Li dwe enfòme moun ki vle enfòme, bay bon jan verite san patipri. Medya yo se katriyèm pouvwa nan sosyete a, sa vle di yo jwe gwo wòl nan sosyete a.Yo ka detwi osinon konstwi.

Medya pa gen atribisyon pou jije, ni bay sanksyon, ni kondane pyès moun. Medya sèlman gen yon wòl pou denonse tout zak malonèt tankou abi, vyolans, koripsyon, vòl, ensekirite elatriye. Li pa nòmal pou medya nan pran lajan nan men oken n moun ki nan fè zak malonèt epi pou pale byen de li.

c/p: fluxdeconaissance.com

Leave a Reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

De la même catégorie