Bienvenue!

Wòl yon bon patriyòt

Enstriksyon sivik ak moral
Wòl yon bon patriyòt
Depi tou piti yo te aprann nou sou ban lekòl nan liv « J’aime Haiti » santiman patriyotik se yon santiman nou pataje pou peyi nou, patri nou, yon santiman ki ranfòse inite li sou baz valè komen. Li mennen nan santi lanmou ak fyète pou peyi nou an. Patriyòt la pare pou l konsakre tèt li oswa pou l goumen pou li pou l defann enterè l.

Pou w se yon bon patriyòt fòk ou aji, se pa rete enpwisan nan lage chay pwoblèm peyi w sou do etranje. Se di bon bagay de peyi w. Se defann li, ede l, ede l pwogrese, ou dwe konstriktif. Yon bon patriyòt pa plenyen, kritike, boude, eksprime kòlè l, menm si li jistifye, san okenn lespri konstriktif.

Leave a Reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

De la même catégorie