Si kominikasyon ant kòlèg oswa ant siperyè ak sibòdone pa bon, pwoblèm yo ka byen vit parèt. Sepandan, si ou pran tan pou diskite ak kominike aklè youn ak lòt, li deja pi konplike pou malantandi oswa konfli yo rive sou nou. Si yon pati eksprime tèt li nan yon fason ki pa klè, menm san move entansyon, sa ka sifi pou kreye konfli. Nan sitiyasyon sa yo, kominike plis ak nan yon pi bon fason, ede anpil anpil.
Kominikasyon nan espas travay enpòtan anpil. Dwe gen gen bon jan kominikasyon ant koleg yo. Lè kòlèg yo kominike byen epi pale aklè youn ak lòt, se tout antrepriz la kap byen mache