Gen yon bagay ki te toujou fè pati lavi timoun ayisyen depi lontan : lave rad lekòl nan wikenn. Samdi maten, pandan soley ap leve dousman, ou te ka tande dlo ap frape nan bokit, savon ap kimen, ak timoun k ap ri pandan y ap fwote chosèt ak kilòt yo nan basen.
Se te yon ti tradisyon, men li te gen anpil sans. Li te montre pwòpte, responsablite, epi li te anseye timoun yo pran swen tèt yo depi yo piti. Manman yo te konn di : “Si w pa lave kilòt ou, kiyès ki pral fè l pou ou?”
Pou anpil ti fi, se te yon moman espesyal tou. Yo te konn lave barèt yo, ti riban koulè, chosèt blan yo pou lekòl. Se te tankou yon ti seremoni avan nouvo semèn lekòl la.
Men jodi a, èske nou toujou fè sa ?
Avèk tout chanjman lavi yo, teknoloji, ak vitès tan an, anpil timoun pa konn fè sa ankò. Gen fanmi ki gen machin pou lave, gen lòt kote timoun pa menm patisipe nan travay kay. Men, gen kote tradisyon an toujou vivan : nan lakou ki gen fanmi ansanm, nan ti kominote kote timoun toujou aprann responsablite depi bonè.
Laverite, tradisyon sa a te plis pase jis lave rad. Se te yon lekòl lavi : aprann timoun yo òganize, pran swen kò yo, epi respekte travay pwòp yo.
Petèt li ta bon si nou fè yon ti refleksyon : èske nou pèdi twòp nan kouri dèyè modènite a ?
Oswa èske nou kapab kenbe ti tradisyon sa yo vivan, menm nan fason nouvo ?