Bienvenue!

Èske ou dwe pataje « nude »?

Foto toutouni sa yo rele « nude » nan lang anglè a, se yon pratik seksyèl kote yon fanm osinon yon gason fè foto, videyo tèt li toutouni voye bay yon moun. Imaj sa yo ka montre pati kò yo tankou tete oswa pati jenital, men tou, kò moun nan annantye.

Pa gen anyen mal nan pataje foto toutouni, okontrè sa pèmèt ou eksperimante fantasm ou, li pèmèt ou rete konekte seksyèlman nan relasyon long distans yo.

Malerezman nan jou sa yo nou fè fas yon fenomèn kote detanzantan foto osinon videyo toutouni anpil moun ap pataje sou rezo yo. Souvan se yon ansyen mennaj, yon ansyen « sexfriend » ki pataje yo. Si moun k ap resevwa foto/videyo toutouni yo se pa yon moun ki de konfyans, yo ka pataje yo sou entènèt la san konsantman moun ki parèt nan kontni ewotik la. Sa koresponn ak yon pratik ilegal ki rele « revenge porn », yon sòt de reglemann kont. Imaj sa yo ka sèvi tou pou menase moun ki voye « nude » la pou fòse li bay lajan oswa fè zak seksyèl. Kontni seksyèl sa a ka vann tou sou sit entènèt oswa montre yo bay fanmi pou tchyup, griyen dan. Menm si yon relasyon ta kraze, kenbe « nude » yo prive. Ann kanpe chèn pataj la pi bonè posib!

Li pa nòmal pou w pataje foto osinon yon videyo toutouni yon moun te voye pou ou. Lè konsa ou sal imaj moun nan konsa ou sal imaj pa w tou. Pinga nou ankouraje okenn delenkan seksyèl ki pran plezi nan pataje foto osinon videyo toutouni yon moun.

Si ou toujou vle voye foto/videyo toutouni w bay patnè w, li ta bon pou w pa voye foto ki pèmèt yo idantifye w. Se poutèt sa li rekòmande pou w pa montre figi w, tatou w, piercing ou, mak ak lòt siy diferan ou gen sou kò w.

De la même catégorie