Bienvenue!

Èske w t konnen gen yon legliz nan peyi Kenya pastè legliz la rache 6 grenn dan nan bouch chak fidèl li yo?

Eksplikasyon

Yon Leglizki rele “Legio Maria” ki chita kò I nan peyi Kenya rache 6 grenn dan nan bouch manm li yo nan lide, yo di, pou ede Bondje idantifye manm sa yo pi byen lè yo va gen pou antre nan paradi, pou yo pa al
nan “lanfè”. Sa vle di, depi Bondje wè baryè dan rachòt sa a douvan bouch moun yo l ap konnen se manm Legliz sila a, l ap konnen se nan paradi voldirèk pou l voye yo. Se pa de pale anpil koze sa a fè nan wikenn sa a nan tout mond lan. Nou pa konn si se ak pens, mato, oubyen ki lòt zouti yo rache dan yo.

Sous: http://www.amerique.info7.com

De la même catégorie