Bienvenue!

Fache ak yon moun ki prete w lajan oswa refize peye l, ka rann li difisil pou w jwenn èd lòt moun lè w nan nesesite

Nan yon mond kote jwenn kredi vin yon bagay nòmal nan tout sosyete, edikasyon sivik ak moral, se yon gid esansyèl pou pèmèt moun yo genyen yon konpòtman responsab pandan tranzaksyon finansye. Achte kredi pa yon pwoblèm, men se pito, fason nou jere angajman finansye sa yo, ki detèmine nati relasyon sosyal nou yo.

Apwòch responsab la, kòmanse depi nan mande kredi a ak aplike pou prè a. Souvan, nan etap sa  yo, moun k ap mande prete a oubyen Mande achte kredi, a konn fè tèt li paret tankou ti mouton. Alòske lè pou l peye dèt li, tanperaman l chanje. Onore angajman li te pran an, vin yon gwo defi pou li.

Senaryo kote prete lajan an parèt fache oswa lè w ou  refize peye, menm nan sitiyasyon difisil ap  gen gwo enpak sou volonte lòt moun pou yo ofri èd lè sa nesesè.

Vrè valè edikasyon sivik ak moral, manifeste nan rekonesans enpòtans pou respekte akò finansye yo. Ranbousman dwe fèt ak responsablite, menm lè ta gen difikilte. Adopte yon apwòch responsab, ankouraje relasyon pozitif, kidonk ranfòse konfyans youn pou lòt.

Edikasyon sivik ak moral, enpòtan anpil nan jesyon etik kredi. Li fè moun nan genyen, yon konpòtman responsab pandan tout pwosesis finansye a, kidonk kontribye nan kreyasyon yon sosyete kote konfyans ak koperasyon domine. Lè yo marinen ak prensip sa yo, tout moun ka jwe yon wòl enpòtan nan bati yon avni finansye ekilibre ak dirab.

De la même catégorie