Bienvenue!

Fanm pa dwe pè achte kapòt: sispann jije fanm ki chwazi mete limit

Anpil fwa, nou tande pale de libète fanm, dwa pou yo pran desizyon sou kò pa yo, dwa pou yo di non, dwa pou yo viv an sekirite. Men, gen yon ti jès ki ta dwe senp, ki ta dwe nòmal, men ki tounen yon batay sikolojik chak fwa li fèt: achte yon kapòt.

Nan reyalite nou an, sitou nan sosyete ayisyèn lan, lè se yon fanm ki antre nan yon boutik oswa ki parèt devan yon machann pou di li vle achte kapòt, li mete tèt li ekspoze a tout kalite jijman. Gade sou li, souri anba je, kesyon, kòmantè endesan – li pa bezwen pale anpil, reyaksyon moun yo di tout bagay.

Pou anpil fanm, jis leve tèt yo antre nan yon famasi oswa rele yon ti machann pou mande kapòt, se tankou yo ap di yon fraz ki twòp pou lasosyete tande: “Mwen konnen sa m vle, mwen pran kontwòl.” E se sa ki fè pè.

Nou viv nan yon kilti kote fanm pa sipoze parèt kòm moun ki “konnen”, ki “pare”, ki “pran inisyativ” sou kesyon seksyalite. Sosyete a vle mete imajinasyon li sou fanm ki achte kapòt, li taye rad pou li, li imajine lavi li, li jije l, li mete l nan kategori ki pa nesesèman reyalite.

Rezilta? Plizyè fanm evite achte kapòt – pa paske yo pa vle pran swen tèt yo, men paske yo pa vle sibi mo, je, ni jijman moun. Yo pè pou moun di:

“Woy, li deraye .”
“Li ap fè koze…”
“Ou wè li? Li pa menm wont.”
Men sa ki pi grav, yo vin riske sante yo – tout sa pou yo evite yon ti wont ki soti nan lespri fèmen moun ki pa nan vi yo.
Men eske gen anyen ki pi vrè pase sa: “pwoteksyon pa gen sèks”?
Sispann fè fanm santi yo koupab dèske yo vle mete limit. Sispann fè yo santi yo mechan dèske yo pa vle tonbe viktim. Sispann mete tèt yo anba presyon dèske yo di “mwen bezwen kapòt”.

Fanm pa dwe pè parèt pou sa yo bezwen. Fanm pa dwe traka ak sa moun panse, lè se sante, diyite, ak avni yo ki an jwet.

Achte kapòt pa di ou mechan, ni ou vagabon. Achte kapòt di ou konnen valè tèt ou.

E jounen jodi a, plis nou mete limyè sou sa, se plis n ap retire wont nan men fanm, pou n bay yo dwa pou viv jan yo vle: ak tèt leve, ak pwoteksyon, san jijman.

De la même catégorie