Jodi a se Dimanch Pak. Yon jou ki pa senp sou kalandriye relijye a, men ki pote anpil chay espirityèl, kiltirèl ak emosyonèl. Pak se pa yon fèt banal. Li se pi ansyen e pi enpòtan nan tout fèt kretyen yo. Li make viktwa lavi sou lanmò, rezirèksyon sou desepsyon, e li pote yon mesaj lespwa ki depase tan ak limit.
Nan epòk lontan, lè tan te pi dous, lè fanmi te pi kole, e lè lafwa te pi vivan, fèt Pak te gen yon sans espesyal. Se pa t sèlman yon kesyon manje oswa abiman. Se te yon tan sakre kote tout kominote te pran yon poz. Yon poz pou sonje. Yon poz pou adore. Yon poz pou viv ansanm.
Nan peryòd sa a, timoun te gen tan pa yo. Yo tap monte kap, kouri dèyè bann rara, chante, danse, kriye pou yo jwenn yon ti kras lajan pou achte dous. Bann rara yo t ap travèse katye yo, pote mizik, plezi, ak espwa. Tout lari t ap viv, tout moun t ap souri. Pa t gen ni telefòn entèlijan, ni rezo sosyal, men gen yon bagay ki te plis pase tout sa : kontak moun ak moun, chalè reyèl la, e lanmou san filtè.
Vandredi Sen, se te yon jou respe. Yon jou kote silans te pale plis pase tout pawòl. Moun fè jèn, legliz plen, rad nwa mete sou kò kòm siy doulè, jan Jezi te soufri sou kwa a. Se pa t senpman yon seremoni relijye, men yon eksperyans kolektif, yon plonje nan refleksyon sou sa ki pi sen nan egzistans nou : sakrifis, lanmou, padon.
Dimanch Pak la, se te jou limyè. Fanmi leve bonè, mete bèl rad, ale legliz ansanm. Apre sa, yo tounen lakay pou fè manje espesyal : pwason, diri sòs pwa blan , sòs pikan, ak bon ji natirèl. Se pa t richès ki te konte, men lanmou ki te sou tab la. Yon ti rad blanch ak fon woz te ka fè w santi w wa, si lanmou te sou ou. Apre manje, yo gade fim sou lavi Jezi, e menm timoun yo aprann valè sakrifis ak viktwa espirityèl.
Jodi a, bagay yo chanje. Teknoloji, ensekirite, mizè, ak dezòd fè anpil nan tradisyon sa yo fennen. Men Pak pa pèdi sans li. Li toujou la pou raple nou lespwa pa janm mouri. Lavi ka bat nou, men li pa ka kraze nou si nou kenbe lafwa, si nou sonje rasin nou, si nou sonje ki jan nou te konn viv ansanm, pataje, ede, ak padone.
Se pa twò ta pou rekonekte ak sa ki esansyèl. Se pa twò ta pou remete fanmi ansanm. Se pa twò ta pou nou mete respè sou sa nou te konn genyen, menm si li senp. Paske Pak pa mande ou gen anpil, li mande ou kwè. Kwè apre chak Vandredi Sen, gen yon Dimanch Pak. Kwè ke lanmou pi fò pase lènmi. Kwè Jezi resisite , e tout sa ki bon ka leve ankò.
Pak se pa senpleman yon fèt. Se yon batman kè. Yon sans. Yon memwa. E jodi a, pandan ou ap li mo sa yo, sonje sa ou te ye, sa ou te viv, e sa ou kapab vin ye ankò. Paske Pak la, se pa nan tan lontan li ye sèlman. Li la, toujou vivan, nan chak aks lanmou, chak souri, chak chimen padon.
Se pou limyè Pak la limen chak kwen kè nou.
Bon dimanch Pak tout moun
















