Nan depatman Nip, pandan vakans lan, foutbòl pa sèlman vin tounen yon jwèt, li vin tounen yon manifestasyon kiltirèl, sosyal ak jèn yo. Se nan sans sa a chanpyona “La Jeunesse en Action” lanse twazyèm edisyon li, ak yon objektif klè: mete talan jèn yo an valè pandan y ap rantre yo pi fon nan tradisyon lokal yo. Se sa Mikely BELLIX, Kòdonatè chanpyona a, te konfye ekip espòtiv Radyo Le Témoin Haiti an pandan yon entèvyou espesyal.
Chanpyona a, ki adrese gwoup laj senyò a, gen pou misyon sèvi kòm yon platfòm pou jèn yo eksprime tèt yo atravè espò, tout pandan y ap chita sou respè, disiplin, ak inite. Pou ane sa a, 12 ekip ap pran pati, sòti nan kat komin diferan: Ansavo, Ano, Titwou de Nip, ak Tirivyè de Nip. Chak ekip pote koulè pa yo, men yo tout pote espwa,yon jenerasyon k ap chèche plas li.
Malgre se pa premye fwa evenman sa ap fèt li rive nan twazyèm edisyon li chak ane pote nouvo defi ak nouvo enèji. Dapre BELLIX, anbyans lan toujou cho, ak patisipasyon kominote a ki pa janm pran retrèt.
Espas kote match yo ap dewoule a se sou Wout Depatmantal Nip la, nan premye seksyon Bakonwa, nan komin Ansavo. Se yon teren natirèl, fasil pou jwenn, e sekirize. Anplis, règ chanpyona a adapte ak reyalite lokal yo, pou tout moun santi yo alèz, san baryè.
Menm si òganizatè yo deja gen kèk materyèl tankou boul ak mayo, gen lòt ekipman ki toujou ap chèche, tankou filè ak lòt akseswa teknik. Pou kouvri frè yo, chak ekip kontribye ak 20,000 goud. Ekip chanpyon an ap resevwa 300,000 goud, dezyèm lan ap jwenn 200,000 goud, epi plizyè prim endividyèl ap remèt tankou meyè bitè ak meyè jwè.
Sou kesyon sekirite ak ijans, tout bagay mete an plas: gen ajan sante ki deja mobilize, epi fòs lòd yo angaje pou asire tout aktivite yo dewoule nan lòd. Abit yo, ki soti nan zòn nan, genyen eksperyans, e yo deja siyen kontra pou garanti bon jan abitraj pandan tout chanpyona a.
Chanpyona a ap kòmanse premye wikenn mwa dawout la e l ap bout premye wikenn mwa Septanm. L ap make pa yon seremoni ouvèti ak yon seremoni fèmti, kote mizik, animasyon ak DJ ap mete limyè sou talan lokal yo. Pandan n ap pale, ekip òganizatè a swete yon jou yo va ka mete chanpyona a anliy, men pou kounye a, mwayen teknik yo limite.
Pou mezire siksè chanpyona a, BELLIX di yo pral gade plizyè aspè: kantite ekip ki patisipe, si yo respekte règ yo, kantite fanatik chak jou, prezans sou rezo sosyal yo, epi satisfaksyon tout patisipan yo.
Men pi gwo kesyon an: poukisa yon moun ta kite lakay li pou vin swiv “La Jeunesse en Action”? Repons lan senp: paske li se plis pase foutbòl. Se pasyon, disiplin, lespwa, ak inite ki mete ansanm pou bay yon eksperyans ki pa gen pri. Se sipò pou jèn ki kwè nan chanjman. Se yon rasanbleman kote tout moun ka santi yo fè pati yon mouvman pozitif pou vakans lan.
Chanpyona sa a se prèv lè kominote a mete tèt ansanm pou soutni jèn li yo, anyen pa enposib. Se pa sèlman yon konpetisyon, men yon leve kanpe pou lavi, pou espwa, epi pou diyite.