Ou pa dwe jennen pou mande yon moun sa w pa konnen. Paske pa gen moun ki fèt tou konnen.
Se pa sèlman nan yon liv ou ka jwen bon jan konesans. Gen de bagay se yon moun pou w mande ki pou ede w konprann li, ki pou w ede w sezi sans li, osinon ki aprann ou li. Pou w dekouvri yon bagay ou pat konnen, ou ka mande menm yon pi piti pase w, si se li ki metrize domèn nan. Pa dwe gen ni wont, ni jennen nan sa !
