Bienvenue!

Inyon ewopeyèn bay 3 milyon dola nan yon pwojè pou ranfòse PNH la

Ayè jedi premye fevriye 2024 la, direktè jeneral Polis nasyonal a.i Frantz Elbé, ak minis Jistis la, Emmelie Prophète Milcé, siyen yon pwojè plis pase ven milyon dola nan tèt kole ak reprezantan Inyon ewopeyèn, Pwogram nasyonzini pou devlopman (PNUD) ak Biwo nasyonzini pou dwòg ak krim (UNODC).

Daprè direktè polis la Frantz Elbé, gwo pwojè sa a, gen pou objektif ranfòse kapasite lapolis la nan batay y ap mennen kont krim transnasyonal ak vyolans ki baze sou sèks.

Pandan seremoni sa ki te dewoule an prezans divès pèsonalite tankou chèf biwo entegre nasyonzini an Ayiti, Maria Isabel Salvador, anbasadè Inyon ewopeyèn nan, Stefano Gatto, ak reprezantan PNUD la, Xavier Michon, Frantz Elbé souliyen enpotans sipò lojistik, teknoloji ak fòmasyon genyen, pou ede lapolis la batay kont gang ki anvayi peyi a.

Yon lòt bò minis Jistis ak sekirite Piblik la Emmelie Prophète, fè konnen ke siyati akò sa, se yon etap enpòtan nan batay pou retabli lapè ak sekirite dirab na peyi a.

Pi lwen li mete aksan sou enpòtans pwogram sa k ap ede leta ayisyen korije feblès li fas ak gang yo men tou pèmèt enstitisyon yo fonksyone pi byen.

Stefano Gatto, anbasadè Inyon ewopeyèn nan bò kote pa l, fè konnen ke Inyon ewopeyèn bay yon anvlòp 3 milyon gou pou pwojè sa. Li swete wè estabilite tounen nan peyi a men tou pou gang yo sispann taye banda. Pou l fini, li lanse yon apèl pou inite ak dyalòg nan mitan aktè  yo yon fason pou jwenn solisyon ak kriz la.


Direktris BINUH an Maria Isabel Salvador, remèsye Inyon ewopeyèn pou kontribisyon sa, ki fè lajan pou pwojè sa pase a 25.5 milyon dola.


Li ensiste pou l di, pwojè sa a pral ranfòse efò nasyonzini nan batay kont zam ak minisyon, men tou kontribye nan amelyore klima sekirite nan peyi a. Chèf BINUH an fè konnen pwogram nan ap dire 2 lane.
Li te pwofite mande ak tout patnè yo, pou yo travay plis pou asire transparans nan jesyon lajan yo resevwa nan kad pwojè sa a, nan enterè pèp ayisyen an.

Nap soulinye Inisyativ kole zepòl sa ap ede peyi anan peyi a fè fas ak defi l ap travèse jounen jodi a.

De la même catégorie