Bienvenue!

Itilizasyon rezo sosyal pou denigre lòt moun : yon pratik imoral k ap ravaje sosyete a

Nou tout sou rezo jodi a. Facebook, WhatsApp, TikTok… tout moun gen yon ti kont, swa pou pataje nouvèl, mete foto, ri ak zanmi, oswa suiv sa k ap pase nan lavi lòt moun. Men gen yon bagay ki ap vin plis chak jou : moun ap sèvi ak rezo yo pou sal non lòt moun.

Pa menm bezwen bay manti. Gen videyo ki sòti nan telefòn moun, gen mesaj prive yo mete deyò, gen montaj foto ki fèt sèlman pou fè moun pèdi respè nan je lòt. Gen moun ki leve maten, yo wè non yo sou tout rezo, ak bagay yo pa t janm fè. Lè sa rive, pa gen jan pou defann tèt ou, paske rezo yo deja fè jijman.

Sa ki pi tris la? Se jan sa ap tounen nòmal. Gen moun k ap ri lè sa rive lòt, k ap pataje ak fasilite mal la. Yo pa panse si demen se yo menm, oswa yon fanmi pa yo, ki ka sibi sa.

Pandan tout sa, gen moun ki pèdi travay, gen fanmi ki kraze, gen jèn ki pèdi tèt yo. Epi nou kontinye poste, gade, gaye… kòm si pa gen konsekans.

Rezo sosyal yo se pa yon bagay ki mal. Men se jan nou itilize yo ki fè tout diferans lan. Tout moun pa bezwen renmen w, men sa pa vle di w gen dwa detwi lavi moun paske ou fache, ou fenk separe, oswa ou pa dakò ak yo.

Si nou tout te reflechi anvan nou klike sou “pataje”, si nou te panse a fanmi moun nan, a timoun li, a tèt li, petèt nou t ap sispann sèvi ak rezo kòm zam.

Se pa tout bagay ki merite vizibilite. Se pa tout bagay ki merite klike. Gen bagay nou wè sou rezo, nou dwe pase dwat sou yo.

Paske jodi a se lòt, men demen, se ka ou.

De la même catégorie