Si ou ta renmen pran swen ren ou, netwaye kò ou de grès ak toksin, epi redui odè fò oubyen koulè jòn twòp ki nan pipi w , gen yon remèd natirèl senp ki ka fè anpil byen pou ou.
✅ Benefis remèd sa a :
Netwaye ren
Amelyore koulè ak sant pipi
Diminye asidite nan kò
Ede evite fòmasyon pyè nan ren
➡️ Engredyan
Yon ti ponyen pèsi fre (5 a 6 branch)
2 sitwon jòn
Yon ti kantite dlo bouyi
➡️ Preparasyon
Mete yon ti dlo sou dife. Dèske li kòmanse bouyi, tenyen dife a.
Ajoute pèsi a nan dlo a, kouvri li epi kite l poze pou 5 a 10 minit.
Lè sa fini, blennde pèsi a ak dlo a ansanm.
Pase melanj lan pou retire ma a, epi pran ji a sèlman.
Ajoute 2 sitwon ladan li.
Bwè remèd sa 2 fwa pa semèn.
🟡 Ou pa bezwen malad pou w bwè remèd sa. Li bon kòm prevansyon epi li ka ede w kenbe ren ou pwòp, redui grès, ak elimine sa ki pa bon nan kò w.