...

Jounen jodi a, èske timoun toujou pote flèdèmè ?

Nan tan lontan pandan tout mwa me a, kèk jou avan fèt manman, te konn gen anpil ki te konn ap vann flèdèmè devan lekòl, devan legliz ak nan mache piblik. Se te yon ti bouke flè pou timoun osinon kek gran timoun tache sou rad yo, nan nivo pwatrin yo yon fason pou yo onore manman yo.

Yo konn plizye koulè tankou wouj oubyen wòz. Koulè sa yo, se pou sila yo manman yo vivan. Nwa yo pou sila yo manman yo mouri.

Seraphinite AcceleratorOptimized by Seraphinite Accelerator
Turns on site high speed to be attractive for people and search engines.