Bienvenue!

Kèk maladi moun ka pran nan fè tibef

Anpil nan nou konn souvan wè ti bouton nan arebò lèv nou, pafwa nou konn trape yon enfeksyon seksyèman transmisib , men nou paka konprann koman sa fè rive paske nou toujou pwoteje tèt nou chak fwa nou pral fè bagay

Eben Ann we kèk maladi ou kapab pran lè wap fe tibef:

Epès jenital ou labyal ( herpès génital ou labial) yo relel tou bouton lafyèv:

2 moun ki nan relasyon sèks oral youn ka transmèt lot viris ki bay epès la. Si youn genyenl nan bouch li li ka transfere viris la nan pati jenital lot la.
Pafwa nou ap rekonet li pa plizyè ti bouton sou tet bouch nou oswa nan pati jenital nou

Gonore ( Gonorrhée)

Klamidya ( Chlamidia)
Papiyoma viris imen an ( papillomavirus humain):
Ki se youn nan koz kanse nan göj ( cancer oro-pharynge) selon kek syantifik.
Gen kek tip ladan yo ki pa twò danjere, men konsa tou genyen ki a lorijin kanse kòl matris oswa kanse nan gòj.

Kounya gen kek prekosyon ou ka pran siw pratike sèks oral:

  • Veye siw gen kèk blesi nan po bouch ou pa anndan kou deyò, nan jansiv ou oswa siw gen dan ki gen trou

-Nou ka gade si gen Youn nan nou ( ant 2 patnè seksyèl yo) ki blese nan peni li oswa vajenl evite pratik sèks oral la epi al wè on medsen ki ap baw fè kèk tès e metew sou tretman selon ka paw la si nesese

  • Siw gen jansiv senyen ,on enfeksyon oswa on enflamasyon nan gòj la, si ou konn santi amigdal ou anfle evite pratik sèks oral la epi al wè on dantis ki ka referew selon ka a bay on medsen ORL
  • Siw souvan gen ti bouton nan têt bouch ou oswa lot pati nan po bouch ou, si kwen bouch ou souvan ap fannfon kanpe sou pratik sa ni ou menm ak patnè ou epi konsilte on medsen.
  • Siw pa konn eta sante patnèw la pwoteje tèt ou

De la même catégorie