Bienvenue!

Kenbe fèm, an n chèche ini ak fratènite pou n sove nasyon an

Nan yon kontèks kote kriz yo miltipliye, kote pèp la ap soufri epi espwa a sanble ap vin pi frajil chak jou, li enpòtan pou nou leve vwa nou, non pou voye monte, men pou fè son fratènite tande. Enstriksyon sivik la pa sèlman pale de dwa ak devwa, li envite nou viv ansanm, respekte youn lòt, epi mete tèt ansanm pou n konstwi yon sosyete kote chak moun konte.

Fratènite se pa yon mo vid. Se lanmou pou frè w, pou vwazen w, pou moun ou pa menm konnen. Se kapasite pou w mete tèt ou nan plas lòt la. Se volonte pou w pa sèvi ak fòs ou kont lòt, men pito pou w sèvi ak li pou leve li, pou ede li kenbe fèm. Fratènite se pi bèl zam yon pèp ki vle chanje sò l.

Lè nou divize, nou pi fèb. Lè chak moun ap chèche avantaj pèsonèl, sosyete a kraze. Men lè nou ini, lè nou chita pale, pataje, epi aji ansanm, nou ka fè fas ak nenpòt difikilte. Nan moman sa yo, se pa zafè yon moun, ni yon gwoup. Se zafè nou tout.

Ann aprann viv ansanm, ann respekte opinyon diferan, ann chèche solisyon ansanm. Se sèl fason pou nou sòti nan fènwa. Se lè nou mete tèt ansanm, men nan men, san lènmi, san rayi, n ap ka di ak fòs : nou kenbe fèm.

Ayiti bezwen fratènite. E fratènite, se chak moun k ap pote pa li. Se ou, se mwen, se nou tout.

De la même catégorie