Bienvenue!

Kenya rejwenn fòs miltinasyonal defans Ikrèn nan ki tabli kò l nan lanmè wouj

Peyi Kenya ap travay sere sere  ak Etazini nan tèt kole ak plizyè lòt peyi, pou defann Ikrèn ak Lanmè Wouj kont atak rebèl Houthis yo, daprè deklarasyon sekretè defans Ikrenyen an Lloyd J. Austin III fè mèkredi 7 fevriye a pandan yon rankont ak omològ kenyan an Aden Duale.

” Peyi Kenya se yon manm Gwoup kontak pou  defans  nan peyi Ikrèn “, se sa Pentagòn fè konnen. Se tou, yon alyans ki gen plis pase 50 peyi ki bay Ikrèn èd militè epi ki kwòdone reyinyon chak mwa pou evalye konfli ant Ikrèn ak Larisi.

Sekretè defans kenyan an Lloyd Austin, note patisipasyon Kenya nan operasyon Prosperity Guardian, ki se yon fòs maritim entènasyonal ki te lanse pa Etazini an desanm pou bay repons ak atak Houthis yo sou bato k ap opere nan Lanmè Wouj la, daprè sa Pentagòn fè konnen.

24 janvye pase a, Kenya te pami peyi ki te pibliye yon deklarasyon sou ansanm avètisman rebèl Houthis yo kont bato ki t ap fè tranzit sou Lanmè Wouj la ak lòt wout maritim ki antoure l yo.

“Nou kondane atak sa yo epi nou mande pou yo sispann,”se sa  Kenya, Etazini ak lòt peyi yo te avèti nan moman sa a.

Toutfwa Lloyd Austin te note  Etazini ap kontinye travay nan tèt kole ak Kenya sou objektif sekirite komen yo.

Pi lwen Sekretè defans Ikrenyen an fè konnen”Patenarya nou an ranfòse kapasite nou pou dekouraje menas, konbat teworis mondyal epi bay asistans imanitè lè sa nesesè.”

“Mwen espere kontinye ranfòse koperasyon nou an, ki enpòtan epi fondamantal, pou n adrese defi sekirite imedya yo men tou pou fòme alyans estratejik pou anpil tan, pou nou ankouraje lapè ak estabilite,” se sa Mesye Duale, te fè konnen ak Pentagòn nan epi avèk http://Kenyans.co.ke.

De la même catégorie