Bienvenue!

Ki wòl yon papa ?

Nan anpil fanmi, gen yon modèl ki kontinye repete depi plizyè jenerasyon. Tradisyon sa a mete papa kòm poto mitan fanmi an, li se chèf kay la, li se moun tout moun konte sou li pou pote sekirite, estabilite ak direksyon. Men lè nou poze kesyon senp sa a : “Ki wòl yon papa ?”, repons lan pa toujou klè. Li plis baze sou sa nou aprann depi nou piti, sou sa sosyete a toujou mete devan, sou sa nou tande paran ak granparan nou repete.

Gen moun ki kwè papa fèt pou travay, bay manje, peye lekòl, achte rad, bati kay. Daprè yo, se sa ki defini wòl li. Gen lòt ki panse papa dwe mete lòd, mete disiplin, gade si pitit yo respekte règ yo, epi souple pa mande l fè manje, lave rad ni mete men nan anyen lakay. Pou yo, gen bagay ki pou papa, gen bagay ki pou manman. Men eske se sa vre ? Eske wòl papa ta dwe limite a sa sèlman ?

Verite a papa se plis pase yon moun ki travay chak jou pou mete manje sou tab. Wòl li se viv ak patisipe aktyèlman nan lavi fanmi li. Li pa ase pou l bay lajan, li bezwen mete tan, kè, ak enèji nan relasyon li ak pitit li yo ak ak fanmiy li. Lè papa la pou ede ak devwa, pale ak timoun yo, montre yo lanmou, ankouraje yo, li ap jwe wòl li pi byen pase nenpòt lòt fòm otorite distans. Epi si li kwit manje, netwaye, mete pitit dòmi, li pa fè anyen ki fè l pèdi valè li. Okontrè, li montre li se yon papa ki konn renmen.

Souvan, nou mete manman kòm sèl moun ki bay swen, ki chita ak timoun yo, ki konsole yo lè yo malad, ki konnen sa pitit la ap panse san li pa pale. Se tankou manman gen monopòl sou afeksyon, sou prezans emosyonèl, sou bon konprann lakay. Men papa tou kapab gen wòl sa yo, e li merite gen plas li ladan yo. Timoun yo bezwen tou de. Yo bezwen balans, yo bezwen konnen ke ni manman ni papa la pou yo, pa sèlman pou peye bòdwo, men pou konprann yo, pou sipòte yo, pou viv ak yo.

Nou pa ap mande pou efase tradisyon, men pito pou nou mete yo ajou. Jodi a, lavi a chanje. Fason moun viv, fason fanmi fonksyone, tout sa ap evolye. Se pa yon wont pou yon papa prepare manje pou fanmi li, ni mete pitit li dòmi, ni leve bonè pou al achte medikaman pou timoun ki gen lafyèv. Se pa travay fanm sa yo sèlman. Se travay moun ki renmen, ki pran responsabilite.

Se vre, papa toujou genyen yon plas enpòtan nan tradisyon fanmi. Men plas sa a pa ta dwe sèvi pou mete l sou yon twòn kote li pa ka touche pyès bagay ki senp. Papa se pa senbòl lòd sèlman, li se prezans, li se chalè, li se modèl. Wòl li, se patisipe nan tout sa ki konstwi fanmi an, kote pa gen travay ki “pa pou li”, kote tout sa ki pou byennèt fanmi an, se zafè li tou.

Yon papa ki jwe tout wòl li, se pa yon papa ki pèdi valè, se yon papa ki ogmante valè li. Se sa fanmi yo bezwen plis jodi a. Yon papa ki la, ki renmen, ki pran swen, ki montre pa egzanp. Yon papa ki konprann tradisyon pa dwe limite lanmou ni responsablite.

De la même catégorie