Nan vodou ayisyen, lè yon lwa reklame yon moun, sa pa janm fèt san rezon. Se pa yon aza, ni yon jwèt. Se yon apèl ki gen sans, ki gen rasin pwofon nan desten ak misyon lavi moun nan. Men kèk rezon ki fè yon lwa ka deside rele w pou li travay ak ou.
Premyeman, lè yon lwa reklame w, se youn nan pi gwo benediksyon ou ka resevwa nan lavi w. Sa vle di ou gen yon plas espesyal nan plan espirityèl la, epi ou genyen kapasite pou sèvi kòm yon zouti nan men fòs sakre yo. Lwa a ka wè nan ou yon moun ki kapab pote limyè, geri, pwoteje, oswa pote jistis sou tè a.
Gen lòt fwa, se lavi a menm ki mete tout bagay an plas pou lwa a vini jwenn ou. Lè konsa, apèl la pa sèlman pou sèvi lwa a, men pou ede w akonpli misyon ou te fèt pou w fè sou latè. Refize apèl sa a pa entèdi, men li ka fè ou rate chemen veritab ou, travay ou te vini ak li nan nanm ou depi avan ou fèt.
Lè yon lwa ap reklame w, li p ap pase pa katye. Li vini klè ak ou. Gen fwa li ap parèt nan rèv ou, ba ou mesaj dirèk. Gen lòt fwa, li ka sèvi ak bouch yon lòt moun pou voye pawòl ba ou. Pa neglije siy sa yo, paske yo se pòtay ki ouvè sou yon misyon ki depase volonte pèsonèl ou.
Se konsa, reklamasyon yon lwa se pa chay, men yon envitasyon pou antre nan yon alyans sakre ak fòs lavi yo. Se yon chemen ki mande respè, konsyans ak kouraj, men li ka fè w viv yon lavi ki gen plis sans ak pi gwo valè.