Lè blan kolon yo t ap bwote esklav soti Lafrik, se pa tout ki te soumèt ak chenn. Gen nan esklav yo ki te nèg vanyan, ki pa t dakò ak soufrans ni ak dominasyon. Lè yo rive sou tè Ayiti, anpil nan yo pa t pran tan vin mawon. Yo kouri pran refij nan mòn, kote yo fè alyans ak Endyen endijèn ki te deja ap reziste kont opresyon.
Pou yo ka goumen pi byen, mawon yo òganize tèt yo an gwoup ki vin pote non sosyete sekrè. Pèp la konn rele yo tou sosyete sakre. Chak sosyete te gen pwòp estrikti ak sekrè pa yo. Pami non ki vin pi popilè yo, gen Chanpwèl, Vlenbendeng, Zobop, Konvre, epi youn nan pi popilè yo se Bizango.
Bizango yo pa t yon gwoup òdinè. Yo te sèvi ak plizyè taktik pou fè fas ak kolon yo. Yo te aprann geriya nan men Endyen yo : frape vit, kache nan bwa, epi disparèt san kite tras. Yo te konn sèvi ak fèy pou fè pwazon oswa pou geri blesi, epi yo te menm drese bèt sovaj pou atake. Anplis de sa, yo te devlope estrateji sikolojik pou simaye laperèz nan mitan blan yo.
Gen kèk fwa, yo te aji ak zak espektakilè ki te make tout moun. Sa te ka asasina, atak sou blan ak pitit yo, oubyen zak ekstraòdinè ki te depase konprann kolon yo. Bizango yo te sèvi tou ak maji, yon melanj maji Afriken yo ak maji Endyen yo, ki te ba yo plis pouvwa epi ki fè yo te vin gen yon renome mistik.
Nan yon sans, Bizango yo ka konsidere tankou kòmando sekrè lame modèn genyen jodi a. Yo te konbine fòs fizik, konesans natirèl, taktik sikolojik ak pouvwa mistik pou kenbe tèt ak yon sistèm mechan. Malerezman, apre endepandans, Leta ayisyen pa t rive sèvi ak estrikti sa yo nan yon kad ofisyèl pou defans peyi a.
Jiska jounen jodi a, menm si lagè pou libète a fin pase, sosyete Bizango yo toujou egziste. Yo rete yon eleman nan kilti ak imajinè kolektif pèp ayisyen, yon eritaj ki chaje ak mistè, ki pote tou respè ak laperèz.
Bizango se pa sèlman yon non nan listwa, men yon senbòl rezistans pèp ayisyen kont esklavaj ak enjistis.