Bienvenue!

Kisa H pilori ye? Kijan w ka trete l ?

H pilori se yon bakteri ki enfekte estomak la. Li gen yon fòm elikoyidal (Elis/ hélice, helicolloidal )  ki ap pèmèt li visel nan mi estomak la e l ap miltiplye se sak fè yo di:  elikobaktè .

Pilori a menm se ; pou Yon pati nan nan lestomak la ki rele pilò ( pylore). Konsa bakteri a tou gen non l konplè ki se « Helicobacter Pylori ( Hpylori) ». Li gen anviwon 3 ak 6 flajèl ki pèmèt li deplase nan pawa lestomak la atravè milye asid lestomak la.

Nan lestomak la, « helicobacter pilori » a jwenn pwoteksyon asid ki nan lestomak la a travè sekresyon yon anzim ki rele uréase, ki netralize asidit lestomak la. Menm anzim sa ansanm ak H pilori a pwovoke yon enflamasyon ki rele : Gastrit .

Se te 2 syantifik, John Robin Warren ak Barry Marshall, ki te dekouvri  bakteri sa nan lane 1982, nan peyi Ostrali,  kote yo te dekouvri bakteri sa lakay plizyè pasyan ( anviwon 63 mil ) ki gen ilsè nan Lestomak  ak Gastrit.

Moun trape enfeksyon sa nan bouch, nan sa w ap manje osinon nan sa w ap bwè ( dlo kontamine ak manje ) e transmisyon dirèk  nan saliv moun ki enfekte a.Nan tout mond lan, li afekte 50% moun, men nan peyi soudevlope yo, li afekte 80 – 90% moun. Se enfeksyon bakteryèn ki pi komen nan mond lan aprè Kari nan dan. H pilori a prezan nan twalèt, saliv, plak nan dan.

Maladi ki lye ak H pilori a :

  1. Gastrit
  2. 7/10 moun ki gen H pilori gen Ilsè Gastrik
  3. 9/10 moun ki gen H pilori gen Ilsè Dyodenal
  4. Kansè gastrik

Sentom H pilori a bay: Lestomak brile, doulè nan lestomak, noze, vomi toutan, manke apeti, movèz alèn – pèdi pwa. Depi w santi sentom yo al kay doktè pou yo ba w medikaman pou trete l. Pi souvan tretman fèt ak 3 medikaman ki mache ansanm ; 2 antibyotik ak yon inibitè ponp proton.

Rasin ak fèy ave:  bon remèd pou trete Hpilori. Pran 3-4 tas pa jou pandan 2 semèn, oswa pran l pou tizann pandan tout jounen pou 7 jou sèlman.

Pou geri nèt, si w jwenn Licorice Root Powder, ki se poud rasin Licorice (lyann legliz, an fransè se réglisse li rele. Ou mete 1 kiyè enfize (tranpe) nan 1 vè dlo cho, brase l kite l chita pou 3-5 minit, bwè l chak maten ajen (empty stomach), sa vle di anvan w manje ak anvan w kouche leswa. Si w te grav ou te gen ilsè estoma, w ap pran yon vè 15-20 minit anvan w manje.

 

3 Comments

  • Merci beaucoup

  • Maladi sa preske tout Ayisyen fel

  • Li transmet nan beze tou, donk si ou change partenaire souvent tretman pap efikas paske si partenaire ou geyenn-l ou ka pranl se tankou yon IST.

Leave a Reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

De la même catégorie