Bienvenue!

Kozri Zaka Gwoup sou Espò ak Edikasyon

« Espò ak Edikasyon 2 zouti ki ka pèmèt jenès la avanse pou pi devan », se tèm yon jounen kozri Zaka Gwoup ak Denilson spò Ayiti (DSA) te òganize yè dimanch 12 fevriye a.

Nan prezans plizyè dizèn jèn, espesyalis nan dwa espò a, Me. Nathan Laguerre te pwofite pou motive ak atire atansyon chak jèn sou enpòtans espò gen nan yon sosyete, sou divès pwen. Mèt Nathan souliye tou pwen ankadreman ki vrèman se yon nesesite pou peyi a, daprè li, ki gen anpil jèn k ap eksele nan anpil disiplin espòtif.

Yon lòt kote, Clarens Renois ki t ap entèvni a distans, te mete pwen sou endividyalite. Kowòdonatè pati politik UNIR, te fè santi egzijans pou jèn yo fè espò non sèlman pou kenbe yo an sante, men sante mantal la tou jwi de sa. « Si w se yon espòtif, fòk ou pran tan pou w edike tèt ou », se deklarasyon, Clarens Renois ki ta pral ajoute : , « Ou se yon figi piblik, Kidonk w ap bezwen pou w kominike ak moun pou yo konprann, e swiv ou tou kòm modèl ».

Leave a Reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

De la même catégorie