...

Lajan pou deplwaman Misyon miltinasyonal soutyen ak sekirite (MMSS) a an Ayiti, evalye ant 515 ak 600 milyon dola ameriken pou yon peryòd 2 zan

Daprè rapò yon wo responsab nan gouvènman ameriken an bay jounal ameriken Miami Herald, yo estime kantite lajan fòs miltinasyonal la ap koute an Ayiti evalye ant 515 ak 600 milyon dola ameriken pou 2 lane

Enfòmasyon sa a te revele nan kad yon reyinyon minis afè etranjè ki soti nan 20 peyi ki pi rich nan mond ki te òganize nan Rio de Janeiro, vil peyi Brezil, kote yo t al diskite sou deplwaman yon misyon sekirite pou fè fas ak kriz sekiritè a an Ayiti.

Biwo jesyon ak bidjè administrasyon Biden nan bay yon estimasyon sou kantite lajan misyon an ap koute sou 2 zan, men kantite lajan egzat la pral depann de plan operasyonèl final la ak bezwen y ap genyen sou teren an, daprè Miami Herald.

Jounal ameriken an ajoute, fòs miltinasyonal la kapab bezwen ekipman ak plis pèsonèl. N ap soulinye yo prevwa patisipasyon 2,500 ofisye ki soti nan peyi tankou Kenya, Jamayik, Bahamas ak lòt peyi nan Karayib la ak kontinan Afriken an.

Pandansetan, nan Rio de Janeiro, kote rankont minis afè etranjè G20 an ap dewoule a, sitiyasyon Ayiti a ap sou tab deba yo. Brezil, ansanm ak nasyonzini ak Etazini, òganize yon deba wo nivo ki gen pou tit “Abòde defi an Ayiti”, yon fason pou mobilize plis sipò pou Misyon sekirite miltinasyonal la ak ranfòse asistans imanitè nan yon sitiyasyon kriz grav, jan Miami Herald rapòte sa.

N ap raple tou nan dat 11 fevriye 2024 la, yon delegasyon ayisyèn, ki te gen nan tèt li minis Jistis la Emmelie Prophète ak direktè jeneral Lapolis la Frantz Elbé, te ale Washington pou diskite sou dènye etap deplwaman fòs miltinasyonal la an Ayiti ak reprezantan Kenyan, Ameriken ak lòt peyi ki enterese pou patisipe nan misyon sipò sekirite miltinasyonal la.

Seraphinite AcceleratorOptimized by Seraphinite Accelerator
Turns on site high speed to be attractive for people and search engines.