Bienvenue!

Lakou siperyè dèkont ak kontansye administratif (CSCCA) fikse yon dat limit pou resevwa kontra piblik yo pou premye trimès ane fiskal 2023-2024 la

Prezidan Lakou siperyè dèkont ak kontansye administratif (CSCCA) la, Me Rogavil BOISGUÉNÉ, raple nan yon not yo mete deyò ayè lendi 19 fevriye ak enstitisyon piblik yo, ke apati 29 fevriye 2024 Lakou a p ap resevwa ankò kontra dwa piblik ki antre an vigè pandan premye trimès ane fiskal 2023-2024 la.

Anplis delè sa, direktè a eksplike “Tribinal la pa entèvni nan kontra ki deja egzekite oswa k ap egzekite, e yo p ap pran an konsiderasyon tout angajman ki pran dèyè do lalwa”.

Prezidan CSCCA a endike nan dokiman aktyalize ki te pibliye 20 oktòb 2023, ke Lakou a p ap bay okenn avi motive sou kontra dwa piblik ki deja ap egzekite, eksepte pwojè kontra dwa piblik ki te antre an vigè premye oktòb 2023, kote adiminstrasyon an te gen dwa sou yo rive desanm 2023.

 Aksyon Lakou dèkont ap poze yo, daprè nòt la, baze sou lwa ki deklare ke Lakou a ka bay avi motive li sou tout pwojè kontra, akò ak konvansyon nan nati finansye ak komèsyal oswa endistriyèl kote Leta angaje, men tou pwopoze pouvwa piblik yo refòm ki gen pou wè ak lejislatif oswa regilasyon ki gen pou wè ak misyon l men ki kadre ak enterè piblik la.

De la même catégorie