Bienvenue!

Lanmou se konfyans, pa espyonaj: sispann fouye telefòn menaj ou!

Nan nenpòt relasyon, se pa sèlman lanmou ki nesesè. Gen anpil lòt eleman ki dwe mache ansanm avè l pou li ka kenbe sou de pye l : gen konfyans, gen respè, gen dyalòg, epi gen limit ki dwe respekte. Twòp fwa, relasyon yo vin chaje ak dout ak konfli, pa paske santiman yo pa la, men paske youn pa konn kote dwa lòt la fini, ni kijan pou respekte espas pèsonèl li. Se la nou antre nan sa ki rele fouye telefòn patnè. Yon pratik ki tounen nòmal pou anpil moun, men ki ka kraze pi bèl koneksyon si nou pa fè atansyon.

Enstriksyon Sivik ak Moral, menm jan li montre nou kijan pou n viv nan sosyete, li aprann nou tou kijan pou nou viv ansanm ak lòt, san nou pa depase limit. Se pa sèlman yon matyè lekòl, se yon modèl pou lavi. Li mete aksan sou dwa ak devwa, sou etik, sou respekte entimite ak vi prive lòt la, e li raple nou lanmou pa ba ou dwa kontwole lòt moun jan ou vle. Pa gen lanmou ki ka bati sou espyonaj. Pa gen konfyans ki ka leve sou baz chèche prèv. Telefòn lan, li menm, pa t janm fèt pou tounen mwayen mezi lanmou.

Moun ki fouye telefòn patnè yo pa mechan. Se pa kont yo nou dwe leve. Se pa yon batay kont pèsonalite, men pito yon rapèl sou konsekans. Chak moun lib fè sa yo vle, men libète san sans, san etik, san respè pa dire lontan. Sa ou chwazi fè gen repons ki ka vini dèyè l. Lè ou fouye san konsantman, ou kraze yon espas ki te sakre. Ou pa jis louvri yon aparèy, ou louvri pòt sou dout, sou imajinasyon, sou entèpretasyon ki souvan pa kòrèk. Ou ka jwenn sa ou pa t ap chèche, ou ka mal konprann sa ou jwenn. Epi, ou fè dega.

Relasyon ki pa baze sou konfyans se relasyon ki mache sou tèt zo. Ou pa dòmi alèz, ou pa pale lib, ou pa santi ou viv. Olye ou renmen, ou veye. Olye ou pataje, ou analize. Sa se pa lanmou, se presyon. Lanmou pa fèt pou mete moun nan laperèz, ni pou fè l santi li sou siveyans. Lanmou pa mande w tout enfòmasyon, li mande w tout kè w. Se pa modpas ki kle kè yon moun, se konfyans.

Relasyon se chwa, men li mande konsyans. Lè ou mete tèt ou kòm jij telefòn patnè ou, ou montre ou pa gen ase konfyans ni ase respè. Si ou pa kapab fè konfyans, ou pa pare pou w renmen. Si ou bezwen verifye chak bagay, èske ou kwè vrèman? Oswa ou gen bezwen kontwole?

Telefòn lan pa sekrè kè yon moun. Gen moun ki panse si yo gen aksè a tout, relasyon an ap pi solid. Men li pa janm mache konsa. Lanmou pa grandi nan espyonaj. Li grandi kote gen diyite, kote chak moun santi li ka viv, li ka respire, li ka di sa li panse san l pa pè jijman.

Enstriksyon Sivik ak Moral toujou mete aksan sou viv ansanm, sou respè dwa moun, sou limit chak moun nan sosyete. Si ou pa ka aplike sa menm nan relasyon pèsonèl ou, ou ap mete tèt ou sou yon wout ki mennen nan konfli, doulè, ak separasyon. Paske nenpòt ki lanmou ki pa chita sou baz valè, se tankou kay ki bati sou sab.

Se vre, ou lib fè sa ou vle. Ou ka fouye si ou vle. Men ou dwe konnen sa w apfè a ka mete relasyon an danje. Paske lanmou se pa batay, se pa dout, se pa sispèk. Li se konpreyansyon, pasyans, ak diyite. Li se jan ou gade lòt la, epi ou chwazi mete konfyans ou nan men li, malgre tout sa ou te viv avan.

Sonje byen : lanmou pa mande modpas. Li mande kè. Li mande respè. E pi bèl kle pou kè yon moun, se konfyans ou mete nan li.

NEW

De la même catégorie