Lè ou santi ou vle kite yon travay, li esansyèl pou fè sa ak respè ak konsiderasyon pou relasyon moun. Li pa janm bon pou derespekte yon moun, kit se yon anplwayè oswa yon anplwaye. Sak enpòtan an, se kenbe yon relasyon pwofesyonèl respè, menm lè ou deside pran yon nouvo chemen.
Li se yon obligasyon pou w kenbe yon relasyon amoni ak anplwayè ou, menm apre yo fin kite konpayi an. Respè mityèl la dwe tabli nan mitan nou. Nan yon enstitisyon, li enpòtan pou tou de pati yo kenbe yon wo nivo de respè ak pwofesyonalis.
Lè ou deside kite, fè sa ak anpil atansyon epi ak kominikasyon. Eksplike motivasyon w yo epi asire w patwon w la konprann desizyon w la. Sa ap ede prezève relasyon an epi kite travay la avèk respè, san yo pa kite move souvni oswa resantiman,konsa sa pap fe twòp enpak sou lòt anplaye yo.Li posib pou kite yon travay pandan w ap kenbe relasyon pozitif ak respè moun ak moun.
CP: Cabinet Zenou