Lontan, chak fen peryòd lekòl, te gen yon gwo moman timoun te konn ap tann ak kè sote — se te momantan kanè. Jou sa a, se pa timoun ki te konn pran kanè lakay, se paran ki te konn al pran li. E nan anpil fanmi, se papa a ki te konn gen misyon sa: al tande sa pwofesè gen pou di sou pitit li, al wè mwayèn li fè, al verifye konpòtman li nan klas.
Se te yon tradisyon ki chaje ak emosyon. Gen timoun ki te konn tann ak kè sere, lòt ki te konn gen tout fyète, paske yo te konnen yo te bay tèt yo pou fè bon nòt. E lè yon papa tounen ak souri sou figi li, li montre kanè a manman — se te fyète lakay.
Gen papa ki te konn mete rad pi pwòp yo, ale byen net, chita tande pwofesè, poze kesyon sou pitit yo, epi tounen lakay ak kanè an men. Lè mwayèn lan bon, li te konn achte yon ti bagay pou pitit la, menm si se te yon bonbon oswa yon ti bwat lèt — senp, men chaje ak lanmou.
Moman sa yo te ranfòse relasyon fanmi an. Sa te montre timoun yo ke sa yo fè lekòl pa neglijab, e ke paran yo ap suiv yo, ap sipòte yo, e ap motive yo pou yo fè plis.
Jodi a, anpil lekòl chanje sistèm lan. Kanè vini elektwonik, gen paran ki pa menm konn al lekòl ankò. Men bèl tradisyon sa a merite sonje, paske li se yon pati nan valè nou, nan memwa nou, e li raple nou kijan inplikasyon fanmi nan edikasyon pitit yo se kle pou bon rezilta.















