Nan anpil fanmi, pawòl sa yo pa janm pale. Yo rete nan silans, yo kouvri ak wont, ak krent. Men, dèyè anpil ti souri timoun, gen istwa doulè ki pa janm di. Gen timoun ki grandi ak blesi anndan yo, paske yo te viktim zak seksyèl pandan ti tan yo, souvan pa moun ki te sipoze pwoteje yo.
Zak sa yo fèt pa moun yo konn byen,yon fanmi, yon vwazen, yon zanmi fanmi, pafwa menm yon moun ki an chaj nan legliz, lekòl oswa kominote a. Anpil timoun pa menm konn sa k ap fèt yo mal. Yo santi yo pè, yo pa gen mo pou di sa yo ap viv, e yo pè pèsonn pap kwè yo oswa y ap mete yo koupab.
Nan sosyete ayisyèn, nou aprann timoun pou yo respekte granmoun san diskisyon. Se konsa, yo aprann soufri an silans. Lè yo rive granmoun, yo pote mak sa yo nan kò yo, nan lespri yo, nan jan yo renmen, nan jan yo mete konfyans nan lòt moun.
Anpil fwa, fanmi yo konn sa k pase, men yo chwazi pa fè bri. “Se pa pou nou fè eskandal”, “li ka kraze fanmi an”, “li se papa ou, li se frè nou” se fraz yo itilize pou kouvri tray la. E timoun nan, li aprann lapè fanmi an pi enpòtan pase verite li, pase jistis li, pase sekirite li.
Se pa ti mal zak sa yo fè sou lavi yon moun. Li ka afekte fason moun lan grandi, jan li jere relasyon li ak lòt moun, jan li fè fas ak tèt li menm. Gen moun ki viv ak depresyon, ak kòlè yo pa ka esplike, ak konpòtman destriktif, san yo pa janm di anyen. E sa yo te viv kòm timoun, kontinye peze sou lavi granmoun yo.
Nou bezwen kraze silans lan. Nou bezwen fè timoun konprann ke si yon moun manyen yo mal, se pa yo ki koupab. Nou bezwen kreye espas pou yo pale san krent. Nou bezwen sispann pwoteje agresè nan non fanmi oswa relijyon. Paske chak fwa nou fè silans, nou pèmèt abi a kontinye.
Jistis pa toujou fasil, men li nesesè. Sipo pa toujou otomatik, men li ka sove lavi. Chak timoun merite grandi ak sekirite, ak respè, ak diyite. Se devwa nou pou nou tande yo, kwè yo, pwoteje yo. Paske zak sa yo, se pa “ti bagay” — se yon krim. E viktim yo, yo pa dwe viv ak pechè lòt moun sou zepòl yo.
Pale a ka fè mal, men li pi gran pase soufrans silans lan. Se lè nou pale verite a, nou ka kòmanse geri.
















