Nan peyi tankou Ayiti, pale de moun ki renmen moun nan menm sèks yo toujou gen konfizyon ak prejije. Yon kontradiksyon frape lè nou gade jan sosyete a reyaji. Li parèt pi alèz ak wè de fi amoure youn lòt, pandan li afiche yon rejè klè, pafwa vyolan, pou de gason ki gen menm sentiman.
Fenomèn nan parèt nan tout kote. Relasyon ant de fi a souvan minimize oswa wè kòm yon bagay pou amize gason. Yo panse se yon faz, oswa yon eksperyans ki pa grav. Men, lè se de gason, gade sosyete a chanje nèt. Li vin yon menas, yon revòlt, yon bagay ki merite betiz ak rejè.
Rasin pwoblèm nan fon nan kèk lide byen ankre nan sosyete nou an. Li soti nan yon machis ki mande pou chak gason konfòme li ak yon madanm ak pitit. Yon gason ki renmen yon lòt gason vyole nòm sa a epi li sibi gwo presyon. Anplis de sa, gen yon pè pwofond pou sa yo pa konprann, ak yon move lide ki fè moun kwè yon moun ka “vin” masisi si yo ankouraje l.
Men, nan fon, se menm reyalite a: se lanmou. Nou paka fè chwa pou moun,nou paka oze pale de oryantasyon seksyèl yon moun paske moun nan fè sa l vle ak kò l. Lanmou pa gen ni fòm ni limit. Li pa gen seks. Li egziste tou senpleman. Jije yon lanmou ak de mezi diferan, selon seks patnè yo, se yon gwo enjistis. Se yon ipokrizi ki montre tolerans sosyete a pa reyèl, li selektif.
Pou nou reyèlman avanse kòm yon sosyete, nou dwe idantifye kontradiksyon sa yo nan jan nou panse. Li enpòtan pou nou aprann valè tout moun menm jan, pou nou kreye yon espas kote nenpòt moun ka viv ak renmen yo san laperèz. Vrè chanjman an kòmanse lè nou sispann ri ak move blag, lè nou poze kesyon sou prejije nou, epi lè nou rekonyèt respè a dwe pou tout moun, kit yo renmen yon fi oswa yon gason.
Aksepte yon sèks epi rejte lòt la sa pa montre tolerans. Se sèlman lè tout grenn je tonbe, lè tout moun jwenn menm respè a, nou ka pale de yon sosyete ki vrèman lib ak jis.