Bienvenue!

Lontan se fanmi ki te leve timoun, jodi a se telefòn

Nan tan lontan, fanmi yo te fonksyone sou yon fondasyon ki solid: respè, edikasyon moral, ak prensip. Lè sa a, paran yo te gen plis pouvwa sou timoun yo. Yo te ka korije, dirije, epi mete limit san pè pou yo pa pase pou mechan. Timoun yo te leve nan disiplin, yo te konn leve kanpe lè granmoun ap pase, yo pa t pale nan mitan granmoun, epi pawòl paran te lwa.

Nan anpil lakou, pa t gen bezwen rele polis pou mete lòd: se yon ti kout je granmoun ki te ase. Lè yon timoun te fè erè, li te konn santi li wont pou li menm, paske li te konnen li te trayi valè fanmi an. Lè sa a, pawòl tankou “Fè sa ki dwat,” “Se pa sa yo aprann ou lakay ou,” oswa “Ou se pitit fanmi nou, sonje sa,” te sèvi kòm gid chak jou.

Men, jodi a, tan vin chanje. Sosyete a evolye, teknoloji pran plas, dwa timoun ap defann plis, epi relasyon ant paran ak pitit vin pi fragil. Gen anpil paran k ap eseye fè sa ki byen, men yo santi yo pa gen kontwòl ankò. Timoun yo gen aksè ak tout kalite enfòmasyon sou telefòn, rezo sosyal, epi yo vin pi endepandan, pafwa twòp.

Kounye a, si yon paran leve vwa li oswa eseye mete lòd, yo ka di li mechan oswa abizif. Gen paran ki vin pè korije, pè mete limit, paske yo pa vle yo parèt kòm opresè. Sa lakòz anpil timoun grandi san bon jan kad, san sans responsablite, epi san respè pou otorite.

Sa pa vle di tout bagay te pi bon lontan, men li klè gen valè ki te sèvi kòm fondasyon sosyete a nou pèdi jounen jodi a. Valè tankou respè pou tèt ou ak pou lòt moun, onètete, sans devwa ak responsablite, yo bezwen retounen nan fason nou leve pitit nou.

Pou sa posib, paran dwe jwe wòl yo san pè, san wont. Yo dwe mete prensip klè nan lakay, bay bon egzanp, epi pran tan pou pale ak timoun yo, pou konprann yo, men pa kite timoun vin dirije fanmi an. Fanmi se rasin chak moun. Si rasin lan pa solid, pye bwa a pa ka kenbe.

Nou pa bezwen fè pitit pè nou, men nou bezwen fè yo respekte nou. Se pa voye men ki leve bon timoun, se prensip ki fè sa. Epi se fanmi ki bay premye leson sa yo.

De la même catégorie