Bienvenue!

Maltrete timoun restavèk : yon vyolans sosyal peyi a pa dwe aksepte

Gen kèk verite ki fè mal pou wè, men yo dwe wè. Nan mitan nou, gen yon kri silans. Li gen fòm yon timoun ki pote chay ki two lou pou zepòl li, ki dòmi ak laperèz, ki reve yon lavni li pa janm konprann ki pa pou li. Se timoun sa a ki konn fè wout lajounen kou lannwit, men ki pa janm gen yon pwòp plas. Yo rele li restavèk.

Se ak pwomès lekòl ak bon jan manje yo fè l kite paran li. Men, rèv la touye anvan l menm kòmanse. Timoun nan dekouvri li se yon sèvitè, yon kote pou dechaje kolè, yon moun ki pa gen valè. Li travay jou pou lontan, manje rès, dòmi atè, epi pote tout move santiman moun ki sipoze pwan swen li.

Men verite a: okenn timoun pa ta dwe viv nan laperèz. Okenn timoun pa ta dwe santi l se yon bagay pou yo maltrete. Lè n aksepte  yon timoun fèt pou sèvi, n ap trayi lavni n tou. N ap di tout moun pa egal, gen moun ki pi plis pase lòt. Leson sa a, timoun sa a ap pote l avè l, epi l ap vin yon grenn malè pou sosyete a.

Pou chanje sa, fòk nou sispann Fòk nou wè timoun sa yo tankou moun. Fòk nou poze kesyon: Poukisa timoun sa a pa lekòl? Poukisa li gen kè sere? Poukisa l pè? Nou bezwen vwa ki pi fò pase silans, vwa ki di sa pa byen, sa pa jistis.

Lè n kanpe pou timoun sa a, n ap kanpe pou tout Ayiti. N ap di tout timoun gen valè, gen dwa, gen plas. N ap chwazi lanmou pase mepri, respè pase abi. Se nan men n lavni a ye. Ann fè l yon lavni kote tout timoun ka grandi ak lajwa, libète, ak respè.

De la même catégorie