Jodi a, lavi an Ayiti chak moun ap goumen ak pwòp chay yo. Gen moun k ap dòmi san manje, gen lòt k ap viv ak laperèz, epi gen sa yo ki leve chak maten san okenn espwa pou demen. Kapital la chaje ak doulè, soufrans, ak enstabilite. Se tankou tout limyè ap etenn youn apre lòt, epi fènwa ap vale tout moun. Men, menm nan mitan fènwa, chak moun ka chwazi pote yon limyè.
Nou pa toujou gen mwayen pou chanje lavi yon lòt, men nou ka chwazi pa mete plis chay sou do moun k ap soufri deja. Pawòl ou di, aksyon ou poze, jès ou fè, tout sa gen yon enpak sou moun k’ap viv menm reyalite ak ou. Si ou konnen w’ap pase yon move moman, imajine kijan lòt moun santi yo. Olye w ap ajoute pwa sou fado yo, poukisa ou pa ede yo leve tèt yo pito?
Twò souvan, nou trete moun mal san nou pa panse ak konsekans yo. Nou manke respè pou frè nou ak sè nou, nou fè mechanste pou plezi, nou pwofite sou feblès lòt, epi nou bliye ke lavi se yon wonn. Jodi a se ou ki anwo, men demen se ka ou ki anba. Se pa lè tout bagay ap byen sèlman pou ou panse ak moun ki soufri. Pi bon moman pou montre konpasyon, se lè frè w tonbe, se lè sè w nan bezwen.
Se vre, ou pa kapab toujou bay lajan. Ou pa kapab toujou pote solisyon. Men yon bon mo, yon ti jès sansib, yon ti atansyon ka sove yon moun ki sou wout pou l tonbe. Si ou pa ka yon kreyon pou ekri kè kontan sou chemen lavi yon moun, omwen eseye vin yon gòm pou efase pèn li. Si ou wè yon moun dekouraje, pa vin mete plis presyon sou li. Si ou konnen yon moun ap pase yon move moman, pa vin ajoute sou mizè li.
Nou chak gen responsabilite pou nou leve youn lòt. Pa janm wè soufrans yon lòt moun tankou yon jwèt. Pa janm itilize move moman yon moun pou w sal li. Paske ou pa janm konnen kilès ki pral bezwen men w demen. Fòk nou kanpe ansanm, fòk nou mete lanmou devan, paske si nou pa ede nou, kilès k ap fè l pou nou?