Bienvenue!

Ministè Sante piblik ak popilasyon (MSPP) siyen yon nouvo akò ak Partner and health( zanmi lasante)

Ministè Kominikasyon ak Kilti (MCC) anonse popilasyon an nan yon kominike sou paj fesbouk li, siyati yon pwotokòl akò ant minis MSPP a Dr Alex Larsen ak reprezantan Partner and health (Zanmi Lasante), Dr Wesler Lambert, madi 27 fevriye 2024 la.

Daprè akò sa a, MSPP  renouvle yon patenarya ak enstitisyon Dr Paul Farmer ap dirije a kote yo pral kontinye patisipe nan jesyon diznèf (19) etablisman sante nan depatman Sant ak Latibonit. Pami etablisman sa yo: gen lopital Inivèsite Mibalè a, lopital Sent Terèz,nan Ench, lopital Sen Nikola nan Senmak, ak plizyè lòt ankò.

Nap raple, dènye pwotokòl akò ki te siyen ant Partner and health, ak ministè lasante se te nan lane 2011 nan kad jefò pou te pote bon jan swen ki pi modèn nan syans medikal la bay moun ki plis bezwen yo.

De la même catégorie