Nan anpil reyalite kote tradisyon gen plis pwa pase konpreyansyon, gen desizyon ki toujou pase mal, kit yo senp ou konplèks. Pami yo, gen sa kèk moun pran ak kalm, men ki souvan soulve bri : chwa pou pa fè pitit.
Depi ou jèn, gen atant ki mete sou do ou. Fanm dwe vin manman, gason dwe gen pitit pou “kontinye non fanmi”.
Ou pap janm konplè san pitit”, “Ou gen tan granmoun, sa w ap tann?” Oswa “Ou gen yon pwoblèm?”. Moun pa mande “Poukisa?”, men pito jijman sou baz sa yo panse ki ta dwe fè wè.
An reyalite, genyen ki rive pran chwa sa apre anpil refleksyon. Gen ki konsidere kondisyon lavi a jodi a : pri lavi a, nesesite pou bay yon timoun lanmou, edikasyon, estabilite. Gen lòt ki jis pa santi sa anfòm ak objektif yo, ak jan yo santi yo sou sa. Chwa sa ka baze sou santiman, sou analiz, oswa sou respè pou timoun yo menm.
Se pa tout moun ki fèt pou vin paran, e se pa tout ki bezwen pitit pou ranpli lavi yo. Lè yon fanm oswa yon gason di “Mwen pa vle pitit”, li pa vle di yo pa gen kè. Li pa vle di yo pa ka pran swen, ni yo pa ka bay lanmou. Li senpleman vle di yo konnen tèt yo, epi yo chwazi yon chemen ki ann akò ak sa yo ye.
Chwa sa pa toujou fasil. Li mande kouraj pou kenbe tèt dwat devan presyon fanmi, zanmi, epi menm pèp la. Gen moun ki pè pale, ki chwazi fè silans pou evite tèt chaje. E poutan, verite a senp : chak moun gen dwa sou kò yo, sou plan lavi yo, sou fason yo wè fiti yo.
Si gen youn bagay nou bezwen aprann kòm sosyete, se sa : respekte chwa lòt moun. Nou pa tout koupe ak menm modèl. Nou pa tout gen menm dezi, ni menm bezwen. E sa ki bon pou youn, pa nesesèman bon pou lòt.
Fè pitit pa dwe yon obligasyon pou okenn moun. Se yon chwa, yon angajman. Pa fè pitit tou, se yon chwa. E si gen yon bagay ki merite respè, se kapasite yon moun pou di sa l vle, sa l ka, sa l santi, san yo pa oblije mete mas pou fè moun plezi.
Se pa tout lanmou ki pran fòm tifi oswa tigason. Gen lanmou ki bay limyè nan lòt fason : nan kreyasyon, nan swen pou lòt, nan travay, nan tèt ou. Tout sa merite plas. Tout sa merite respè