Bienvenue!

Nan yon premye randevou amoure, kiyes ki dwe peye restoran ? Gason an oubyen fi an ?

Moman sa a se yon moman ki toujou trè kodifye, ki chita sou yon estereyotip sèks ki ankre nan rasin nou tou de, gason ak fanm. 2 nòm sosyal toujou sipèpoze sou sijè a, sa ki lakòz malantandi. Nan tan lontan, se gason ki te plis gen monopòl lajan e depi se li ki envite fi a li peye. Se te yon fason pou montre afeksyon li. Jodi a, fanm yo endepandan ekonomikman genyen ki chanje wòl la. Yon bezwen pou afime estati egalite pi prezan kounye a nan premye randevou a.

Gen moun Le Temoin Haiti rankontre di, « Anjeneral, se moun ki lanse envitasyon an ki ta dwe peye », se sa Marjorie panse. « Pou evite pawòl anpil, li pi bon pou fè bagay yo klè depi avan tou de moun yo al nan restoran an. Si moun ki voye envitasyon an prefere separe adisyon an a, li pi bon pou presize sa anvan randevou an », se sa Johanne li menm li eksplike.

Leave a Reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

De la même catégorie