Bienvenue!

Nan zafè Ògasm (voye, vini), li pi fasil bò kote gason yo. Anpil fi konn gen difikilte pou yo vini.

Ògasm fi a souvan rete yon sijè sansib. Chak fanm inik, nan fason li reyalize ògasm li. Gen kèk siy komen nan yon ògasm, tankou kontraksyon anba vant, sansasyon entans nan vajen an ak klitoris, ogmantasyon tanperati kò a, oswa tranbleman, men tou lè fi a voye dlo.

Sepandan, enkapasite pou kèk fanm vini, pa sèlman nan fizyoloji, men souvan nan faktè sikolojik ak emosyonèl. Presyon sosyal, atant ireyèl, mank konesans nan pwòp kò yon moun oswa menm difikilte pou kominike ak yon patnè ka tou jwe yon wòl enpòtan.

Eksperyans pèsonèl ak kominikasyon ouvè yo enpòtan anpil pou simonte obstak sa yo. Aprann konnen kò ou, dekouvri sa ki bay plezi, ak konfòtab, pale sou li ak yon patnè se etap esansyèl nan yon eksperyans seksyèl ranpli.

Anplis de sa,  ògasm (voye, vini) la pa oblije objektif final a chak relasyon seksyèl. Koneksyon entim, tandrès, ak pwen sansib moun nan, enpòtan tou nan anrichi relasyon nan mitan patnè yo.

Chak fanm merite yon seksyalite satisfè .
Edikasyon seksyèl, ki konsantre sou respè, chita pale ak konpreyansyon, enpòtan anpil pou tout moun eksplore seksyalite yo nan yon fason ki an sante epi ki bay satisfaksyon.

Daprè ou menm ki sa ki ka koz yon fi pa ka vini fasil?

CP: Do It Right

De la même catégorie