Nan chak sosyete òganize, posede dokiman legal pa ta dwe konsidere kòm yon opsyon, men kòm yon eleman esansyèl pou tout moun ki vle egziste ak diyite. Se pa senpleman yon papye w ap kenbe nan pòch ou, se paspò pou lavi. Gen kat idantite, paspò, nimewo idantifikasyon fiskal (NIF) oswa nenpòt lòt dokiman ofisyèl, se sa ki ouvè pòt pou w jere zafè w, pou w fè tranzaksyon, pou w jwenn aksè ak sèvis, epi pou w patisipe nan lavi sosyal, ekonomik ak administratif peyi w.
Lè yon moun pa gen okenn papye ki pwouve egzistans li, li vin mete sou kote. Ou pa ka pran swen tèt ou jan li ta dwe. Ou pa ka ouvè kont labank, mete non w sou okenn papye ofisyèl, ni aplike pou travay ki mande dokiman. Ou pa ka menm jwi dwa w kòm sitwayen. Ou vin viv tankou yon fantòm legal, envizib devan sistèm nan. Epi sa, se pa paske ou pa vle egziste, men paske baryè ki mete sou wout ou twò wo oswa twò fèmen.
Gen anpil moun ki ta vle mete papye yo an règ, men chak fwa yo eseye, yo tonbe sou difikilte: swa biwo a lwen, swa pa gen ase materyèl, swa pwosesis la twò konplike oswa kout tan sèvis la pa ase. Pafwa, sa pran mwa, menm ane, pou w jwenn yon sèl papye. Anpil lòt pa menm eseye ankò, yo dekouraje, yo santi yo abandone. Epi se lè gen presyon ofisyèl, se lè gen kriz, se lè y ap mete sanksyon oswa fòse moun pou bay papye, se lè sa sèlman otorite yo sonje gen moun ki pa janm jwenn pyès.
Sa pa ka kontinye konsa. Posede piès legal pa dwe yon privilèj pou kèk moun ki gen mwayen oubyen kontak. Se yon dwa fondamantal. Se pa yon favè leta fè pou moun, men yon devwa li dwe akonpli pou chak sitwayen, kit li rich, kit li pòv, kit li nan vil, kit li nan seksyon riral. Lè w egziste legalman, ou ka defann tèt ou, ou ka patisipe nan desizyon ki konsène lavi w, ou ka fè tout sa nenpòt lòt moun ka fè.
Nan yon peyi kote ensekirite, povrete ak move jesyon ap ravaje sosyete a, fasilite aksè ak piès legal yo ta dwe yon mezi ijans. Fòk nou sispann tann katastwòf oswa kriz pou nou mete moun sou lis. Fòk nou sispann mete kondisyon ki louvri pòt pou koripsyon. Fòk nou rekonèt ke chak moun ki fèt sou tè sa a merite egziste ak diyite. Piès legal, se pa yon liks, se pa yon grenn papye se kle ki louvri pòt lavi a.RéagirRépondre
















