Bienvenue!

Nou dwe kiltive lespri pataje sa a andedan kay nou, sèk sosyal nou yo ak pi lwen.

Nan lavi sosyal chak moun, ansèyman valè tankou pataje ak solidarite jwe yon wòl enpòtan.

Li toujou bon pou pataje ak frè parèy ou ki nan bezwen,sa rezone kòm yon apèl senpati, jenerozite ak responsablite anvè moun ki bò kote nou.

Vreman vre, lè nou pataje, nou kreye yon sèk vètye kote tout moun benefisye. Non sèlman moun k ap resevwa a santi yon gwo soulajman ak rekonesans, men tou, moun k ap bay li a gen yon lajwa san mezi, konsa li ranfòse lyen ki mare nou yo.

Se vre ke pafwa, akòz mank de tan, atansyon oswa abitid, nou pito jete olye ke pataje. Men, se kote edikasyon sivik ak moral antre: nap toujou raple nou enpòtans konpasyon ak solidarite.

Nou dwe kiltive lespri pataje sa a andedan kay nou, sèk sosyal nou yo ak pi lwen.

Pa gen pi bèl bagay lè ou pataje, sitou nan moman kle tankou Nwèl oswa nan fen ane a. Ofri sak bay moun ki nan nesesite yo, lonje men bay moun nou renmen yo ki nan bezwen yo.

Lè nou pataje, menm lanati kontan. Sa kreye balans ak amoni nan anviwònman nou an, paske pataje jenere pwosperite kolektif, pwogrè endividyèl ak kontribye nan bati yon sosyete ki pi enklizif ak ki bay sipò.

Ansèyman sivik ak moral ki ankouraje pataje se pa sèlman yon seri règ pou swiv, men se yon filozofi lavi, yon envitasyon pou travay pou byennèt komen. Lè nou adopte pèspektiv sa a, n ap fòme yon mond kote jenerozite vin yon nòmal epi solidarite se poto aksyon nou chak jou.

Kidonk, kit se nan ti jès oswa nan aksyon ki pi enpòtan, pataje rete yon poto esansyèl pou konstwi yon sosyete ki pran swen e ki ekilibre, kote chak moun gen plas yo e kote konpasyon gide demen nou.

De la même catégorie